Face à un État failli au point d’être affaibli totalement par les propres serviteurs de la nation, depuis la nuit des temps les bandits font la loi et compliquent davantage la vie du peuple haïtien. En guise de réaction, le mouvement « Bwa Kale (BK) » est devenu l’ultime moyen de défense de la population face aux gangs armés. Le Président Directeur Général de la Radio Sans Fin (RSF), Yvenert Foeshter Joseph, à sa manière, utilise intelligemment une forme de langage « Bay Kou » pour encourager une telle initiative populaire, tout en invitant les victimes de l’insécurité à se battre aussi contre les bandits à cravate avant la date du 7 février 2025.
Si n ap Bay Kou (BK), bay kou (bk).
(Bay chak sak merite men sòl pa l. Kalòt pa l mezi figi l). Twòp sitirans. Menm Jezi te fache nan tanp lan yon lè.
Gen kèk espès ki pa dwe alèz avan 7 fevriye 2025:
- Ansyen senatè ak depite ki vin rich toudenkou yo. Konbyen palman te peye konsa? Kòman tren pwogrè moun sa yo ka vin TGV vit konsa? Sispann met DP, Sena devan non yo. Li mèt se nan kè w di sa, lè w kwaze yo di « vòlè, awousa, chen pati ». Gen yon espri k ap tande w;
- Ansyen direktè, minis ki gentan fè gwo kay, ki rich, pandan yon tibout tan; yo gentan pase pye sou fyèl leta a. Se moun tout trip yo pouri nan koripsyon. Yo bezwen yon bon lavman jilèt. Pandan n ap bay tijozèf kou (bk), sonje yo nan lapriyè nou;
- Lidè politik ki pa janm travay yon jou nan vi yo, ki lajounen jodi rich. Plen biznis. Sèl travay yo gen nan palmarès yo se fè konferans deprès, fè manifestasyon, voye pèp al mouri. Jodi a yo pa kanmarad okenn gwo potanta nan richès. Yo boure administrasyon piblik la fonksyonè kòwonpi tankou leman, pou rale trip leta met nan pòch yo. Gen ki fè yon ti biznis tèt chat pou makiye, gen lòt ki jis lage l san filtè nan lestomak nou. Pa neglije espès sa yo nan forè a, mete yo nan kalòj pou nou pa pèdi yo;
- Moun ki gen monopòl fè, siman, tòl, tout materyo konstitisyon nan peyi a. Kilè y ap jwenn ti afeksyon pa yo? Si n ap Bay Kou (BK), Bay Kou (BK). Nou pito ap plenyen materyo chè, lè n ap fè 2 pyès kay oubyen n ap vire bonèt nou? Plenyadò pa rezoud pwoblèm;
- Kilè n ap santi tout bon vre gwo trip ap vale ti trip nan vant nou. Anplis y ap fè mache nwa ak manje n ap achte pou n reziste men, se tout vye dyanni, malpwòpte yo vann nou. Soti nan ze, pase nan zèl poul, lèt, espageti, òtdòg, rive nan vye lwil, diri, etc. Se yon vas operasyon anpwazonnen pèp moun sa yo ap mennen. Bon kilè n ap ba yo kou (BK)? Si nou pa defann vant nou, bon kilè n ap k defann lavi ak lavni? San sa, vag sou bk pou tijozèf;
- Nou kriye pou pitit nou ki pa ka al kekòl, ki pa k etidye nan bon liv, ki pa gen pwofesè patikilyè k ap travay ak yo menm lè lekòl pata janm ouvè. Bon nan boul figi nou la, gen yon ti zwit kategori timoun ki vo 10 fwa pa w la nan edikasyon. Kote paran yo jwenn mwayen, nan vye tè d Ayiti a. Kòman ou fè pa jwenn alòske w sou menm bout tè a? Si n ap Bay Kou (BK), Bay Kou (BK);
- Tout peyi gen boujwa. Moun sa yo jeneralman eksplwatè. Sepandan, yo konn se de tè a, pèp la yo viv; omwen yo travay mete endistri, biznis, faktori pou moun travay, pou peyi a gen yon minimòm richès tout moun ka goute yon lòsyè. Bòsit la menm, boujwa pa nou yo, se tankou kòmandè ak ti pasèl teren yo chak ak yon pil esklav k ap bourike. Sak fè sa? Yo chak se sitwayen yon lòt peyi. Peyi isi pa peyi pa yo, chatre y ap chatre l. Bon pou pa konprann sa jodi a toujou? Se tijozèf ki toujou enmi w? Si n ap Bay Kou (BK), Bay Kou (BK);
- Bon men zen an. Lasante se pi gwo richès moun sou latè. Mesyedam politik yo mete ak boujwa tilolit yo, yo goumen, yo goumen jiskaske yo fè rezidan, asosyasyon medsen yo kraze tout lopital piblik yo nan grèv, nan vòlè materyèl ak ekipman pou al fè klinik prive. Konsa pèp ki bezwen swen oblije debouse l. Chak semèn se yon grèv. Chak fwa se yon kote diferan. Anplis demantle yo demantle lopital yo gran sant yo. Ti sant desante satelit ki nan katye popilè yo, yo jis redwi yo an podchagren. Yo menm dezafekte yo pafwa. Epi klinik prive ap pouse kou djon, djon. Konsiltasyon tèt nèg, medikaman, ospitalizasyon, etc. Tout fini ak paran malad apre swadizan gerizon an. Swadizan paske w ap rechite nan twò lontan. Se soulajman dòk la bay. Alòs si n ap bay kou (bk), bay kou (bk). Osnon, ba moun tèt yo ak zafè bk a;
- Sa a li pirèd. Avoka. Yo travay pi chè pase avoka usa, France. Youn pi kank pase lòt. Pèsonn, pandan plis pase 25 an, pa sonje ki gwo pwosè yo mennen alevwa genyen. Men tout se gwo avoka nan larepiblik. Yo rich nan yon sistèm lajistis tebe, ki gen tibèkiloz depi plis pase 25 an. Yo rich nan yon jistis san tribinal fizik, san prizon, san jij ekipe ak zouti teknolojik. Bon si mande bondye padon, ou kite yo arete w. Ou sanse kidnape. Polis ap bon sou w nan prizon an, dwa moun ap bon, avoka ap bon m, jij ap bon. Se lamán ou vin ye pou yo depi w anndan. Si n ap bay kou (BK), bay kou (bk);
- Leta aksyonè nan yon biznis epi c ansyen chèf k ap touche dividand li an. GADON KK, GADE DYÒL SANTI. Bèl ti mizik.
Yvenert Foeshter JOSEPH
Jyvenert@yahoo.fr