Le Parti Politique Fanmi Lavalas tire à boulets rouges sur le CPT

1177 views

Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas salye kouraj popilasyon an ki ap viv yon lanfè sou tè zansèt li yo. Yon tranzisyon ki vire do bay bandi legal ki fin depafini ak peyi a nan piye resous leta a, ta ka rebay pèp la yon tikal lespwa. Men enterè pèsonèl, ak maladi koudeta, vle devye tout efò kap fèt pou mete peyi a sou chimen chanjman, pou yon lavi miyò.

Fanmi Lavalas ap pwofite felisite Achitèk Leslie Voltaire pou kouraj li, devouman ak tolerans li e tout efò li fè pou rasanble, jwenn yon vrè konsansis pou reyisit tranzisyon sa a, e retire popilasyon an nan malsite lap viv la a.

Malerezman, maskarad ki fèt jounen 30 avril 2024 la nan Konsèy Prezidansyèl la, se yon konplo pou garanti bandi legal PHTK an fanmi e alye yo kenbe pouvwa nan peryòd tranzisyon an e kontinye tradisyon koripsyon an. Pèp la bouke soufri pandan bandi legal ak alye yo ap pwofite sou do l.

Yon bon tranzisyon ki vle remèt peyi a sou ray dwe chita sou prensip respè akò politik 3 avril 2024 la. Fanmi Lavalas toujou di pouvwa dwe osèvis peyi a, osèvis majorite defavorize a, osèvis pèp revandikatif la. Pa osèvis yon gwoup politik ki mennen peyi a nan kalamite n ap viv la a. Sitiyasyon peyi a reklame yon lòt mòd fonksyònman pou yon lòt mòd leta.

Pou tout rezon sa yo, Fanmi Lavalas rejte ak tout fòs li, eskandal trayizyon ki fèt nan jounen 30 avril 2024 la.
Fanmi Lavalas rete makònen avèk revandikasyon pèp la pou yon lòt mòd leta, ke nou dwe prepare ansanm nan yon vrè tranzisyon ki ap koupe fache tout bon ak koripsyon, vyolans, ensekirite, ak eksklizyon.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm NOU SE LAVALAS.

Pou Komite Egzekitif Fanmi Lavalas
Dr. Maryse Narcisse
M. Joël Édouard Vorbe
Agr. Anthony Dessources
Dr. Jean Myrto Julien

NAM Haiti

L'objectif principal de NAM-Haïti est de devenir une source d'information incontournable en ligne pour les Haïtiens et les lecteurs internationaux intéressés par les nouvelles et les événements en Haïti. Notre mission essentielle est de fournir des informations fiables, complètes et objectives.

Laisser un commentaire

Your email address will not be published.