Le BSA déclare la guerre à la partie majoritaire au sein du CPT

1101 views

Biwo Swivi Akò Montana (BSA) denonse kont maltaye yon kowalisyon 4 sektè anndan Konsèy Prezidansyèl la konplote sou do popilasyon an nan lannwit lendi pou rive madi 30 avril 2024 la.

4 sektè sa yo : Kolektif 30 janvye, EDE/RED, Konpwomi Istorik, Pitit Desalin ak Akò 21 Desanm deside vyole akò politik 3 avril yo te siyen an ak tout pwojè dekrè sou kreyasyon, òganizasyon ak fonksyònman Konsèy la, lè yo nonmen pou kont yo, san chèche konsansis ki se premye demach ki dwe fèt la, san aksepte prensip vòt, kidonk san eleksyon, yo nonmen yon kowòdonatè Konsèy la, yon Premye minis ak tout gouvènman yo, san respekte mekanis patisipatif yo te siyen an.

Kowalisyon 4 sektè sa yo enskri tèt yo nan menm demach vyolasyon akò ki kontinye ap fè politik san etik, nan trayizyon angajman yo pran piblikman nan Akò 3 avril la. Fòs mafya politik ak ekonomik yo deside fòk yo pran kontwòl Konsèy Prezidansyèl la ak gouvènman pou yo ka kontinye kontwole Leta peze souse a, tout sa nan bi pou mafreze pouvwa tranzisyon an epi fè l tounen yon pataj gato ak privilèj nan pwofi kan politik ak ekonomik tradisyonèl ki trennen peyi a nan kawo li ye jounen jodi a.

Akò Montana a, pandan l ap envite aktè ki pran move wout la resezi yo, antre nan konsiltasyon pou l pran tèt frèt desizyon ki nan enterè peyi a. Akò Montana bay popilasyon ayisyèn nan garanti li pap sèvi kosyon pou pwojè mafya nan sektè ekonomik ak politik ki mete l kote l ye jodi a e ki vle kontinye kenbe privilèj nan Leta a, kontinye move trafik, koripsyon, kontreband, antre bato nan pwovens pou pa peye taks. N ap fè tout moun sonje se pratik koripsyon ak enpinite nan sistèm lan ki anjandre ensekirite a e pèmèt li rive nan nivo envitab n ap sibi jodi a.

Akò Montana pa nan pike devan. Men Akò Montana pap fè bak nan batay li pou soti peyi a nan kawo. Byen vit l ap enfòme popilasyon an sou devlopman ki sòti aprè konsètasyon yo.

Montana rete angaje pou jwenn yon solisyon konsansyèl nan kriz k ap boulvèse peyi a. Men l pap kosyone okenn brigandaj.

NAM Haiti

L'objectif principal de NAM-Haïti est de devenir une source d'information incontournable en ligne pour les Haïtiens et les lecteurs internationaux intéressés par les nouvelles et les événements en Haïti. Notre mission essentielle est de fournir des informations fiables, complètes et objectives.

Laisser un commentaire

Your email address will not be published.