Dossier Démission : Sanders Solon vient avec son « Mood Band » et démissionne au sein de la formation musicale Harmonick

1392 views

Le chanteur, guitariste, producteur et compositeur Sanders Solon démissionne au sein de la formation musicale « Harmonick », l’artiste brise le miroir de son silence environ 6 mois après la prise de cette décision de n’être plus en harmonie avec son dernier band après 15 ans de collaboration. « PA JANM INYORE SILANS PASKE LI GEN PWÒP SON PAL – SANDERS SOLON SOTI NAN « SILANS » LI APRE 6 MWA » lit-on dans un communiqué mis en circulation en date du vendredi 10 novembre 2023 sur les réseaux par l’artiste lui-même qui y poursuit : »Semèn pase te gen yon gwo nouvèl ki te choke ampil moun nan endistri mizikal ayisyen an, Sanders Solon anonse ofisyèlman atravè yon video sou paj rezo sosyal li ke li kite HARMONICK BAND 15 lane depi li tap evolye anndan fòmasyon mizikal sa kòm chantè, gitaris, prodiktè e ekriven. »

Nous vous soumettons le communiqué de presse dans toute son intégralité.

KOMINIKE | NÒT POU LAPRÈS

PA JANM INYORE SILANS PASKE LI GEN PWÒP SON PAL – SANDERS SOLON SOTI NAN « SILANS » APRE 6 MWA

10 Novanm 2023, MIAMI FL …. Semèn pase te gen yon gwo nouvèl ki te choke ampil moun nan endistri mizikal ayisyen an, Sanders Solon anonse ofisyèlman atravè yon video sou paj rezo sosyal li ke li kite HARMONICK BAND 15 lane depi li tap evolye anndan fòmasyon mizikal sa antanke chantè, gitaris, prodiktè e ekriven.

Sanders anonse lanse yon nouvo pwojè, MOOD BAND, kote se li ki pral chantè prensipal e ka vann tout divèsite nan talan li pi plis. Alò, premye lanse pwojè sa se pral avèk yon mizik ki titre « SILANS », ki pral sèvi kòm yon prelid nan gwo travay MOOD BAND vize poul prezante nan endistri an. Mizik « SILANS » lan ap sòti sou tout platfòm 24 novanm e degaje anpil emosyon ki mande anpil atansyon bò kote melomàn ak medya yo tou.

Yon kout rapèl de kijan Sanders te rantre nan mizik. Li te kòmanse depi lè li te gen 8 an e se te panyo ki te premye enstriman li te debite avèl, ke ampil moun pa konnen. Jou anivèsè li a 14 an, li te resevwa yon gita akoustik nan men manmanl kòm kado depi lè sa li vin gen plis pasyon pou mizik e komanse kreye plizyè melodi ak pyano e gita. Se pasyon sa yo li te jwenn, sitou nan gita ki vin mennenl pi lwen nan endistri a jiskaske li vin yon gran pwodiktè / ekriven ki fè plizyè gwo hit tankou « Incroyable », « Illégal », Pap ka sépare », Cheri Benyenm », « Mèsi » ak « Only for you », de Phylisia Ross, jis poun site kèlke nan travay li yo.

Nan sòti ke Sanders te fè nan jou ki sot pase la yo, aprè 6 mwa silans, li deklare : »Mizik te chwazi m; mwen pat chwazi mizik. Mwen te chwazi rete nan silans men mpat sispann travay e mwen gen twòp poum ofri toujou. »

Ki donk, jou kap 24 novanm sa, mache mizikal la pral pran yon ti gou nan pwojè MOOD BAND lan avèk lansman premye mizik yo a ki se « SILANS », epi album nan aprè. Ann note ke album sa ap ofri nou yon pakèt bagay ke nou pa tipikman jwenn nan endistri mizik ayisyen an (HMI), diferan son ak enstriman, e anpil sipriz atis envite.

Nap tou envite tout fanatik, tout melomàn al swiv gwoup la sou rezo sosyal yo jis pou nou kapab toujou rete enfòme sou tout detay sou preparasyon albòm lan e lè lap sòti.

 Pou Kontak Laprès/Medya - Kontakte: Info@MoodBandHT.com

Instagram | Twitter | Tik Tok | FB :@MoodBandHT